Nan vil tankou Atlanta, Los Angeles, Portland ak Tulsa, òganizasyon lokal yo ap travay avèk òganizasyon san bi likratif Trust Neighborhoods pou prezève abòdablite lojman nan katye k ap anbeli rapidman, kote rezidan ki gen revni fèb ak modere ap fè fas ak ogmantasyon lwaye ak deplasman.
Yon nouvo Mixed-Income Neighborhood Trust nan East Boston te akeri 114 inite nan 36 kay miltifamilyal ki pral konsève kòm abòdab pou rezidan aktyèl ak nan lavni sou yon long tèm. East Boston Community Development Corp. te kreye trust la avèk $8 milyon dola nan asistans finansye nan men Boston Impact Initiative, gwoup jistis sosyal lokal City Life/Vida Urbana, fondasyon Hyams, Boston ak Eastern Bank, ak moun prive.
Pa Roodgally Senatus, ImpactAlpha
